ESPÒ/LIGDÈ CHANPYON:REAL MADRID AK MANCHESTER CITY PRAN YON BÈL OPSYON POU ALE NAN DEMI FINAL LIGDÈ CHANPYON AN.

Match kadefinal ale nan koup dewòp klèb yo, Real Madrid tap resevwa jounen madi 6 avril la ekip Liverpool la.

(3 -1) nan avantaj ekip Real Madrid la gras ak 2 gòl vinicius junior epi yon gòl Marco Asensio, se sou eskò sa match la fini.

Ekip pèp Guadiola ap antrene a, bò kote pa l, bat klèb Alman an Borussia Dortmund 2- 1.

Avèk 2 bèl viktwa sa yo, City ak Real pran yon bèl opsyon pou yo ale nan demi final konpetisyon an.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/DINEPA: DINEPA ADRESE LI AK POPILASYON AN.

Nan yon avi ki pote dat 21 janvye 2025 « DINEPA » adrese li ak popilasyon an …