POU SOVE LAVI CHAK GRENN MOUN KI NAN SOSYETE A ÒGANIZASYON STOP ACCIDENT PLEDE POU PLIZYÈ  REKÒMANDASYON.*

Nan sousi pou sove lavi plis moun aprè chak aksidan, Òganizasyon stop accident, nan yon konferans pou laprès nan dat 13 avril 2021 an plede pou yon ansanm rekòmandasyon.

Doktè Kenzy Jean Pierre, direktè pledwaye anndan stop accident, mande popilasyon an pou yo gen fòmasyon nan domèn sekouris nan lide pou yo ede tèt yo osinon pwochen yo lè gen yon moun ki aksidante.

« Nou mande pou sekouris, edikasyon nan sekirite woutye pou yo ensenye yo depi lekòl ak pou wout yo byen konstwi. Yon fim konstriksyon dwe, lè l fin fè wout la, mete pano sinyalizasyon yo tou sou wout la », deklarasyon doktè Kenzy Jean Pierre nan mikwo laprès.

Doktè Jeanty Fils Exalus,  kòdonatè stop accident bò kote pa li deklare òganizasyon an fè sèt etid sou kèk eleman ki lakoz aksidan fèt nan peyi a osinon ki lakoz moun ki fè aksidan an pèdi lavi li men gen kat k ap disponib pou tout aktè, laprès, chèche ak etidyan.

« Mete kas, twomatis, prizanchaj ospitalyè ak sekirite woutyè globalman », daprè an tèt lan  Cassandra Jean François, se non kat etid òganizasyon stop accident te fè sou koze aksidan an nan peyi a.

Parapò ak chofè moto yo, pou sa ki gen pou wè avèk mete kas la, Kòdonatris Cassandre deklare gen 80% nan chofè moto ki pa mete kas, 50% nan yo pa mete li paske kas la twò chè pou yo achte li selon sa yo fè  konnen.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …