GREFYE CHRISTOPHE LESPERANCE RETOUNEN NAN PÒS LI, DAPRÈ OFIS PWOTEKSYON SITWAYEN .*

 

Ofis pwoteksyon sitwayen, nan yon nòt li fè soti 19 avril 2021 an salye reyentegrasyon Christophe Lesperance nan pòs grefye tribinal premye enstans ki nan Kwadèboukè a ki fèt nan jounen lendi 19 avril 2021 an._

Daprè nòt la, ofis pwoteksyon sitwayen enfòme lopinyon nasyonal kou entènasyonal Christophe Lesperance tounen nan pòs grefye li.

« Mezi sila a te rive pran aprè anpil diskisyon ki te genyen ant ofis pwoteksyon sitwayen ak ministè Lajistis », daprè sa yo fè konnen .

Yon lòt kote, ofis pwoteksyon sitwayen salye dezisyon sa Rockfeller Vincent, minis jistis la, pran an. » Li fè prèv moun lespri, li mete l pi wo pase sa k ap pase yo nan lide pou jwenn yon solisyon ak grèv san limit majistra yo », deklarasyon ofis pwoteksyon sitwayen.

Jackson junior Rinvil

 

 


 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …