AYITI/ DWA MOUN : OPC BAY RESPONS PIMAN BOUK BAY TOUT ÒGANIZASYON DWA MOUN KI PA DAKÒ AK NOMINASYON MÈT EDMÉE REMY NAN CSPJ .

Nan yon lèt ofis pwoteksyon sitwayen( OPC) voye bay plis pase yon kenzèn (15) òganizasyon dwa moun ak sosyete sivil la 21 Avril 2021 an, ki te denonse nominasyon mèt Edmée Remy, kòm reprezantan òganizasyon moun yo nan konsèy siperyè pouvwa jidisyè ( CSPJ) daprè òganis sa yi ki ilegal.

Nan lèt la OPC, denonse konpòtman totalitè ak moun kap lite kont demokrasi kolonn òganizasyon sa yo ki pa vle mèt Edmée Remy nan CSPJ ou yon manda 3 lane.

Ofis pwoteksyon sitwayen raple ak òganizasyon sa yo mèt Edmée Remy te rive eli pou tale reprezante sektè dwa moun lan ak sosyete sivil la ak 40 vwa nan kad eleksyon lib, demokratik kite fèt 31 Mas 2021 an.

Òganizasyon dwa moun Leta kritike direktè egzekitif rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo, ( RNDDH), selon li ki te vin nan biwo OPC pou mande li pou te kenbe mèt Chener Jean Baptiste, kòm reprezantan sosyete sivil la ak dwa moun dèyè do pwosedi .

Nan sans sa, OPC di li pap entimide epi denonse mouvman zèfèyis seri òganizasyon sa yo .

N ap souliye, nan lis òganizasyon sa yo kite kont mèt Edmée Rémy, pou reprezante dwa moun lan nou jwenn : SOFA, FJKL, POHDH, RNDDH, KAY FANM, « Sant Karl Lévêque » ak plizyè ankò .

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …