YON GWOUP SITWAYEN BLOKE  POU YON MOMAN MÈS PATWONAL VIL SENMAK AKOZ PREZANS DIREKTÈ POLIS LA.*

Yon gwoup sitwayen, bloke pou yon moman jounen dimanch 25 avril 2021 an , mès patwon vil la, Senmak akoz prezans direktè jeneral pou ti bout tan polis la Léon Charles, ak tout akolit li yo pou te kite anndan legliz la ._

Pandan selebrasyon mès la, yon gwoup sitwayen anvayi legliz kote mès la t ap selebre a pou mande Léon Charles pou li kite espas la.

 » Pèp Senmak, nou di nou pa gen pwoblèm ak pyès moun ki anndan legliz katolik la. Ki vin fete ak Senmak. Nou mande tout vakabon, tout apranti diktatè, tout delekan pou yo kite espas la », deklarasyon youn nan pwotestatè yo.

Pilwen pwotestatè yo kontinye pou yo di : « Jovenel Moïse ak Léon Charles se veritab moun ki etabli sa ki rele kidnaping nan peyi a. Moun sa yo pa diy pou yo chita bò kote yon pakèt pezib sitwayen nan kominote a ».

Pwotestatè yo fè konnen sou rèy pouvwa yo kidnape mè, pastè ak vodouyizan, se seri moun sa yo ki fè gang yo kreye asosiyasyon epi federe tèt yo nan peyi Dayiti.

Jackson Junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …