AYITI/KIDNAPIN:GWOUP GANG 400 MAWOZO  LIBERE 6 LÒT RELIJYE KATOLIK YO .

6 lòt relijye katolik ki te rete anba men gwoup gang »400 mawozo » te kidnape yo jwenn liberasyon yo nan lannwit  Jedi 29 pou rive vandredi 30 avril 2021 an.

Kidnape depi 11 avril pase nan komin Kwadèboukè, tout relijye katolik yo jwenn liberasyon yo. Jedi 22 avril la 3 nan yo te libere epi nan lannwit Jedi pou bout jounen vandredi a rès 6 lòt yo resi jwenn liberasyon yo.

Poko gen okenn enfòmasyon disponib sou kijan yo arive libere.

Konsènan liberasyon relijye yo, yon lòt kote, pè Jean Marie Rosemond Joseph reprezantan sosyete prèt Sen Jak yo nan nòt remèsiman li soti, remèsye Bondye ak divès kalte moun ki te sipòte yo nan yon fason osnon yon lòt pandan moman disifil legliz katolik sot pase a.

« Nan non siperyè Jeneral sosyete prèt Sen Jak yo ak manm konsèy yo, nan non prèt Sen Jak an Ayiti, m ap fè nou konnen mwen rekonesan anpil pou sipò nou epi m ap di nou tou mèsi anpil », daprè sa ki li nan nòt la.

Pè Jean Marie Rosemond Joseph remèsye tou anbasad peyi Lafrans ak Etazini ki nan peyi Dayiti pou sipò diplomatik yo ki te « diskrè epi efikas ».

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:le parisien

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …