AYITI/ SOSYETE : DIVÈS AKTIVITE REYALIZE NAN KOMIN MIRAGWÀN POU MAKE JOUNEN FÈT AGRIKILTI AK TRAVAY LA .

Divès aktivite reyalize jounen premye Me 2021 an nan okazyon fèt agrikilti ak travay la nan komin miragwàn pami aktivite sa yo konferans deba nan sant inivèsite yo ak distribisyon plantil.

Sant Inivèsite piblik nip (UPNIP) òganize yon jounen konferans deba anba tèm  » entrenir un environnement sain pour une bonne santé » , youn nan entèvenan yo Maria Laura Pron, montre nesesite pou popilasyon an sitou jèn yo kite patisipe nan konferans lan pou kenbe anvowonman nan yon bon eta, paske move jesyon anviwonman lakoz plizyè mil moun mouri nan mond lan.

Pilwen Maria Laura Pron, ankouraje chak moun pou poze yon aksyon nan pwoteje anviwonnman.

Òganizatè konferans lan, kise pwofesè Edikasyon fizik espòs (EPS) inivèsite a Vello Frédéric, fè konnen aktivite te reyalize nan lide pou kapab ankouraje etidyan yo nan travay pou pwoteje anviwonnman. Pwomotè aktivite fizik ak espò a, kwè enfòmasyon jèn yo resevwa pou yo pratike l .

Sou inisyativ klèb timoun yo pou Jezi kris ( CPJEC), yon jounen Dans, Teyat ak distribisyon plantil te fèt pou ti moun kise manm klèb la.

Prezidan (CPJEC) la David Jean Noël, fè konnen li reyalize aktivite sa yo ak timoun yo se pou kapab aprann timoun yo konnen kisa fèt agrikilti ak travay la ye ak kisa li kapab pote nan devlopman peyi Dayiti.

Fakilte agwonomi nan sant inivèsite ( CUDI) òganize yon jounen fwa atizanal ak gastwonomik epi distribiye yon valè plantil bay moun kite vin patisipe nan jounen an ak yo .

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …