LEMOND / MOVETAN : SIKLÒN  » TAUKTAE » TOUYE POU PITI VENTEYEN (21) MOUN AK KATREVEN SÈ (96) LÒT DISPARÈT NAN PEYI END .

Siklòn « Tauktae » ki pase nan peyi sòti dimanch swa pou rive  lendi 17 me 2021 an, touye pou piti venteyen (21) moun nan lwès peyi End.

Selon bilan pwovizwa otorite peyi End yo prezante gen venteyen (21) moun ki mouri, katreven sèz (96) lòt disparèt nan yon nofraj ki fèt nan Eta  » Maharastra » ak desan mil ( 200 000) moun ki ale nan abri pwovizwa, daprè anons responsab maren peyi End yo ki presize tanpèt « Tauktae » vini ak yon rafal van san katreven senk (185) kilomèt pa lè.

N ap fè remake, siklòn « Tauktae » frape peyi End nan moman yon lòt vag maladi kowonaviris la ap pase nan peyi sa, ki deja anrejistre pou piti desan senkant mil (250 000) mò ak venn senk milyon ( 25 000 000) moun ki trape maladi kowonaviris la.

Yon siklòn vyolan ki rele Tauktae avèk yon rafal van 185 km/h touche pati Nodès peyi End nan rejyon Gujarat ayè Lendi 17 me 2021 an.

Peyi End ap fè fas ak yon tanpèt twopikal, Tauktae ki lakoz gwo dega gentan fèt nan rejyon Gujarat nan pati Nòdwès peyi a.

Vil Bombay, daprè laprès entènasyonal plonje nan yon nwit atifisyèl Lendi 17 me a alòske gen gwo van k ap soufle sou kot li yo ak anpil lapli k ap tonbe ki lakoz ayopò entènasyonal la fèmen pòt li.

Youn nan pi gwo sant vaksinasyon peyi a evakye anvan li te vin inonde. Nan tout rejyon an gwo pyebwa tonbe sou machin ak kay.

Siklòn nan gentan lakoz 26 moun pèdi lavi yo ak 96 moun ki disparèt sitou aprè nofraj yon anbakasyon nan kot Bombay la.

Tanktae gentan touche pati tè Gujarat a lendi 17 me a men plis nan pati Nò a sou fòm yon tanpèt siklonik ki vyolan anpil avèk yon rafal van 185 km/h daprè depatman metewolojik endyen an. Otorite yo gentan evakye 200 000 moun pandan yo ap prepare yo pou yo fè fas ak pi move tanpèt k ap rive sou yo nan pi piti pase 20 lane.

Jackson junior Rinvil

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …