AYITI/KILTI: FRANCK S. VANÉUS, YON EKRIVEN KI AP ALONÈ NAN VANT AK SIYATI DE TÈKS LI NAN « SHEKINA HÔTEL », TÒ 10, KOMIN KAFOU.

_Franck S. Vanéus ap gen pou prezante piblik la 2 zèv li samdi 12 jwen 2021 ki ap vini an nan « Shekina hôtel » ki chita kò li nan komin Kafou a 4è nan apremidi_ .

Yon nouvèl ki gen pou tit « Passagers du paradis » ak yon rekèy powèm ki rele « Boulevard des coeurs désunis » se 2 nan plizyè tèks Franck. S Vanéus ekri ki ap an vant ak siyati 12 jwen nan Kafou. Prestasyon mizikal, bat bouch ant det wa save nan komin nan se kèk nan aktivite ki ap genyen nan jou vant ak siyati a. Ekolye, etidyan ap bezwen 1000 goud pou yo ka achte tèks yo, pou pwofesyonèl yo sa ap koute yo 1500 goud.

Franck S. Vanéus fèt nan Pòtoprens, patiklyèman ant ri dèseza ak ri dèpisèl 10 fevriye nan lane 1973. » Depi tou zuilit, mwen te gentan devlope yon pasyon pou ekri ak lekti », daprè sa l fè konnen nan yon ti pale li te gen ak redaksyon echo Jounal. » Ekriti se pa yon zouti m itilize pou m fè kòb. Lanmou ak pasyon pou ekriti se sa ki gide m lè m ap ekri », fè konnen Franck S. Vanéus.

Pwofesyon avoka, Franck S. Vanéus etidye Dwa nan inivèsite Leta Dayiti, FDSE ak Filozofi nan ENS. Etid sa yo, daprè sa l fè konnen, jwe yon wòl enpòtan nan bal bourad pou l te toujou ap mete sa l panse sou papye. « Les jeunes avocats seuls dans l’arène », se youn nan premye atik li te pibliye nan kotidyen _le nouvelliste_ sa gen anviwon 20 lane.

Nan koze literati, mèt Franck pa kache apresyasyon l pou youn nan zèv Jacques Stephen Alexis yo, « l’espace d’un cillement ». Sepandan  » Gary Victor ak Victor Hugo se 2 nan ekriven prefere m », pawòl Franck S. Vanéus.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …