AYITI/POLITIK:REGWOUPMAN MILITAN ÒGANIZASYON DWA MOUN (RMODL) KRITIKE FASON OTORITE YO KITE ENSEKIRITE A AP VALE TEREN NAN PEYI A

Nan yon konferans pou laprès jounen Lendi 1 Jwen an,RMODL pa mete dlo nan bouch li pou li kritike jan otorite yo ki te sityasyon sekirite ap detòrye chak jou pi plis nan peyi a. Yon lòt kote, yo mande gwoup moun ki gen zam ilegal nan yo a pou yo depoze li nan lide pou referandòm kapab fèt._

« Pwoblèm peyi sa, se yon pwoblèm sekirite. Yon peyi k ap fonksyone san pa gen sekirite ladann se yon peyi ki pa kanpe sou anyen », pawòl sekretè jeneral pati an, Saül Jean Baptiste.

Pou wete peyi a nan sa li ye a, tout kouch dwe mete men ansanm.  » Nou envite sosyete lavil la pou mete men nan pat la pou retire peyi a nan sa li ye a », deklare mesye Jean Baptiste.

Yon lòt kote, dirijan Regwoupman militan òganizasyon dwa moun nan  mande pou nèg ak zam yo fè lapè, moute drapo blan pou Jovenel Moïse kapab fè referandòm nan ak chanje konstitisyon an.

N ap raple, gouvènman ayisyen an kenbe dat 27 Jwen kap vini an pou fè referandòm nan.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …