ANN APRANN, BAT LAPONYèT (JE TERMINE.)

Gen anpil bagay nou leve jwenn, nou pratike yo men pèsonn pa aprann nou yo, tankou tete manman nou, brase bouch pou nou manje, bay tèt nou plezi tou nan jwe nan kò nou.  Nou ka konsidere bat laponyèt tankou youn nan pratik nou fè men pyès moun pat chita pou montre nou kòman pou nou fè l. Men kisa laponyèt la ye? Ki byen nèt ki gen ladan l? ki pwoblèm li ka poze sou sante nou? Nan yon vwayaj nan linivè laponyèt la nou pral tante bouske kèk repons sou fenomèn nan.

Laponyèt la se yon pratik kote yon moun ap bay tèt li plezi seksyèl pandan lap karese pati l jouk li voye. Se yon pratik seksyèl moun nan souvan fè pou kont li, se pou sa yo bal ti non jwèt : « Dieu seul me voit », fanm kou gason pratike l. Gason kòmanse fèl nan mitan laj 15 ak 18 lane, plis pase 90 %  gason di yo konn bat oubyen te konn bat laponyèt. Pandanstan, ou jwenn gason ki  pa janm fè l tou, ofi ramezi gason ap pran laj yo kanpe sou pratik la. Pou medam yo se lekontrè, plis pase 40 %  antre nan pratik la jeneralman a 18 tan epi pandan yap pran laj, pousantaj ap ogmante.

Lè gason ap bat laponyèt, li fè bwal byen rèd epi li kenbel pandanl ap fè yon mouvman ale vini. Pafwa yo itilize chanpou, pat pou bwose dan osnon librifyan pou fasilite mouvman an epi ogmante sansasyon yo. Konsa tou yo konn ap gade fim pòno pandan yap fèl osnon panse ak yon fanm yo renmen. Medam yo menm, lè yap bat laponyèt osnon jan ti mesye Barikad yo te relel la, ladouyèt la, se plis krèk yo, yo woule, epi tou yo konn foure plizyè dwèt anndan bouboun yo pou ogmante volim plezi an.

Gen anpil moun sitou kretyen ak moun ki nan lòt sèk relijye kritike laponyèt, kòm kwa se yon pratik ki makònen ak peche. Adye wi dan !Anpil nan yo ap fè l. Men sa yo pa rive konprann, laponyèt la pèmèt moun nan dekouvri kòl nan chak ti detay, aprann konnen epi donte seksyalite l kòm sa dwa. Laponyèt la pèmèt kò fanm nan fonksyone, fanm yo aprann konnen plezi kò yo genyen ; gason yo menm, li pèmèt yo gen konfyans nan tèt yo sitou lè yo  pral antre nan relasyon ak fanm.

Gen moun ki di laponyèt la ka koze gwo pwoblèm sou sante moun kipratike l, pwoblèm je, fè gason pa ka fè pitit, rann moun facha elatriye. men selon sa gwo seksològ ak gwo medsen kap fouye zo nan kalalou sou koze a, laponyèt pa ta gen okenn konsekans sou sante mounki fèl yo. Men si yon moun rive nan pwen pou l pi renmen laponyèt pase fè bagay la nou ka di gen pwoblèm. Fòk moun sa bat pou l soti nan enpas sa ki pral koz li repliye sou li kou l bezwen plezi seksyèl.

Laponyèt pa yon pratik , li pa rann moun malad, se yon pratik seksyèl ou ka fè poukont ou osnon ak patnè w. Ann dekouvri seksyalite nous san tabou konsa nap wè jan sa gou nan bouch.

MED
dorvelus812@gmail.com
(509) 40275317

 

 

kredi foto: Vix.com

blog.dapimenta.com.br

webcamfille nue en live

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Éducation en péril : le ministre Antoine Augustin, le MENFP et l’UNICEF plongent les professeurs stagiaires dans une crise sociale et économique à la rentrée scolaire, sous le silence complice du CPT et du Premier ministre Garry Conille

Dans le contexte actuel de migration massive des professeurs et jeunes cadres du pays à …