Plizyè santèn jèn gason ak jèn fanm akize Gahencha CASTIL ak Cynthia NOEL ki se mèt Agences de Voyage Big Travel ak We Travel kòm de moun ki ta vòlè pou yo plis pase twa san mil (300 000) dola vèt.
Selon jèn sa yo ki viktim de de ajans de vwayaj sa yo, Gahencha CASTIL ak Cynthia NOEL te itilize non Big Travel ak We Travel pou te pran lajan nan men yo kòm kwa yo vann tikè pou peyi Brezil, chili ak plizyè lòt peyi e menm ofri viza dominiken ak lòt peyi. Depi mwa jwen 2017 pèsòn moun pa janm jwenn okenn sèvis e yo peye tout montan ki te egzije pou sèvis yo.
Jèn sa yo ki tanmen plizyè aktivite (manifestasyon, mach) pou rekipere lajan yo pa janm abouti, malgre dosye a nan pakè e lapolis gen lòd pou mare CASTIL ak Cynthia NOEL anyen pa janm di. Big Travel ak We Travel fèmen depi novanm 2017 e mèt antrepriz yo ap sikile nan peyi a san kè sote.
Jèn sa yo mande otorite yo tanpri souple di yon mo pou yo paske yo pap leve ni lou ni lejè.