Byen bonè maten jedi 25 avril 2024 la konsèy prezidansyèl nèf (9) manm nan prete sèman nan lakou palè nasyonal, anpil kout bal tire nan moman prestasyon an. Touswit apre prestasyon sèman an, manm gouvènman defakto yo, konseye prezidansyèl yo te ale nan « Villa D’accueil » pou te fini seremoni an. …
Li Plis »AYITI/POLITIK: « Ansanm » mande jij yo pran responsabilite yo pou rezoud kriz la nan peyi a.
Platfòm politik « Ansanm » mande jij yo nan kou kasasyon pou pran responsabilite yo pou rezoud kriz la nan lakou peyi Dayiti pou popilasyon an kapab rale yon souf. Platfòm nan fè pwopozisyon sila nan yon konferans pou laprès jounen mèkredi 24 avril 2024 la, selon kòdonatè jeneral la, Elian Wilner …
Li Plis »AYITI/ZEN: NÈG AK ZAM YO KIDNAPE YON KADAV PANDAN PARAN LI PRAL CHANTE ANTÈMAN LI.
Nèg ak zam kidnape jounen mèkredi 17 avril 2024 la kadav yon sèten Desiré pandan kòbya a tap soti ak li nan ponp finèb « Zenith » pou te ale nan legliz « Acte des Apotres nan Dèlmas 60. Selon enfo yo mesye ak zam yo te mande 50 mil goud pou yo …
Li Plis »AYITI/POLITIK: BSAP REYAJI TOUSWIT APRE PIBLIKASYON ARETE KI NOME KONSÈY 9 MANM NAN.
Ajan BSAP yo reyaji touswit apre piblikasyon apre midi vandredi 12 avril 2024 la arete ki nome konsèy 9 manm nan pou al dirije peyi a nan jou ki ap vini yo. Nan yon ti bat bouch ak Laprès, kòmandan Pierre ki te ap pale nan non BSAP deklare apre …
Li Plis »AYITI/ESPÒ: TOUT REZILTA MATCH YO POU PREMYE JOUNEN LIGA LAKAY LA NAN JEREMI BÒ KOTE MEDAM YO.
Jan sa te anonse a premye jounen chanpyona fanm yo demare nan vil Jeremi jou ki te vandredi 5 avril 2024 la, yon chanpyona ki pote non « Liga Lakay » Nan premye rankont lan Jeremie FCF te twoke kòn li ak CFJ de Léon, yon match ekip Jeremie FCF genyen (2-1), …
Li Plis »AYITI/SA OU DWE KONNEN: MEN KI SA NOU FÈ LÈ NOU KRAZE WOUT NOU YO.
Nan peyi Dayiti lè nou ap manifeste pou fòse gouvènman yo tande vwa nou oubyen fè revandikasyon nou pase, anpil nan nou itilize plizyè mwayen pou fè sa tankou nou voye wòch, boutèy, boule machin leta pafwa machin prive, nou boule kawotchou pou site sa yo, depi yon bon bout …
Li Plis »AYITI/POLITIK: Pati politik SOHVEM bay avi yo sou move moman pèp ayisyen an ap konnen nan peyi a sitou nan dènye jou sa yo.
Pati politik SOHVEM nan yon nòt pou laprès ki pote dat 6 avril 2024 bay avi yo sou move moman popilasyon an ap konnen sitou nan dènye jou sa yo. Nan nòt sila yo salye kouraj pèp la ki pa janm febli malgre moman difisil yo, kote grangou ak lavi …
Li Plis »AYITI/SA OU DWE KONNEN: MEN SA OU FÈ LÈ OU BOULE YON BIWO ONA.
Nan dènye jou sa yo, sityasyon an konplike anpil nan lakou peyi Dayiti, mesye ak zàm yo mete dife nan yon pil enstitisyon piblik kou prive pou kapab fè tande vwa yo ak revandikasyon yo san yo pa rann kont ki mal yo ap fè tèt yo ak popilasyon an …
Li Plis »AYITI/POLITIK: PREPEP REYAJI SOU KONSÈY PREZIDANSYÈL 7 MANM AK 2 OBSÈVATÈ A.
Nan yon nòt pou laprès, PREPEP ki se « Parti Réformiste pour l’émancipation du Peuple Haïtien » denonse konsèy prezidansyèl ak 7 manm e 2 obsèvatè a. Selon sa yo fè konnen nan nòt sila, pwojè pou mete konsèy sa pa gen okenn pwovizyon legal, se fouye yo ap fouye peyi a …
Li Plis »AYITI/ESPÒ: « Centre Promotion Sportive de la Jeunesse » lanse nan komin Jeremi yon gwo chanpyona foutbòl fanm.
« Centre de Promotion Sportive de la Jeunesse » deside òganize nan komin Jeremi yon gwo chanpyona foutbòl fanm ki pote non « Liga Lakay ». Nan yon ti bat bouch ak prezidan estrikti sa, Monace Hernandes St Preux jounen samdi 30 mas 2024 la fè konnen estrikti sila gen twa (3) lane depi …
Li Plis »