Frédéric Vello, se non nouvo direktè an aprè direksyon depatmantal Ministè Jenès Espò ak Aksyon Sivik Nip ( MJSAC), seremoni enstalasyon an fèt nan lokal delegasyon depatmantal Nip lan an prezans komisè gouvènman jiridiksyon Miragwàn lan mèt Jean Ernest Muscadin, manm direksyon « MJSAC » Nip, ak plizyè lòt pèsonalite ki nan …
Li Plis »AYITI/EDIKASYON/ZEN: YON LEKÒL NAN KOMIN TABA SOU WOUT POU KRAZE POU FÈ PISIN NAN ESPAS LA.
PIizyè paran elèv lekòl ‘’Solidarite,fraternite’’ki chita kò li nan komin taba, pran lari pou rele anmwey pou yon desizyon jij Marie Marcel Pierre Louis, ta pran pou kraze lekòl la pou yo kapab fè pisin ak otèl sou teren an selon sa paran yo fè konnen. Paran yo ki denonse …
Li Plis »AYITI/GWOUDOUGWOUDOU: GWO PANIK NAN PLIZYÈ KOMIN NAN DEPATMAN NIP MATEN VANDREDI 14 JANVYE 2022 A.
Gwo panik nan plizyè komin nan depatman Nip byen bonè maten vandredi 14 janvye 2022 a apre tè a fin souke. Panik sa oblije pi fò lekòl voye elèv yo retounen lakay yo pou evite dega si li ta retounen pase ankò, nou aprann tou anpil biwo prive kou leta …
Li Plis »LOPITAL SEN KWA NAN LEYOGÀN NAN FÈ NWA
Nèg ak zam nan Matisan kidnape 2 chofè plis yon jeneratris lopital sen kwa nan Leyogàn. Sa ki lakoz lopital la nan gwo fenwa alòske daprè yon SOS ki lanse sou sosyal yo gen yon pakèt timoun medsen yo bezwen sove lavi nan sèvis néonatalogie lopital la. Nèg ak zam …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: NASYONZINI KONDANE ASASINA DE (2) JOUNALIS YO NAN LABOUL 12
Asasina de (2) jenn jounalis ayisyen anba bal gwoup gang pa ki te Nasyonzini endiferan. « Nasyonzini mande otorite ayisyen yo pou ankete sou krim nan epi trennen devan lajistis responsab yo ». Òganizasyon Nasyonzini fè konnen travay jounalis yo endispansab pou garanti dwa fondamantal libète lapawòl ak enfòmasyon pou tout moun. » …
Li Plis »FOUTBÒL/AFRIK: YON ABIT FINI YON MATCH DE (2) FWA SAN MATCH LA PA RIVE NAN 90 MINIT
_Desepsyon nan foutbòl afriken an. Nan koup Afrik Nasyon an, nan match de poul ekip Mali kont ekip Tinizi a abit zanbyen an, Janny Sikazwe, sifle fen match la pandan de (2) fwa alòske, nan chak fwa sa yo, tan reglemantè yo potko prèt pou rive._ Abit zanbyen an mete …
Li Plis »GANA/RELIJYON: LAPOLIS NAN PEYI GANA LAGE KOUKOUWOUJ DÈYÈ TOUT MOUN KI AP BAY PWOFESI NAN SOYETE A
Otorite nan peyi Gana pandan fen desanm 2021 an anonse tout moun yo rekonèt ki koupab nan kreye » tansyon ak panik » nan mitan popilasyon an akoz koze pwofesi apokaliptik riske pran 5 lane prizon. Desizyon sa pran nan sousi pou mete bout ak yon pakèt vye previzyon pou lane 2022 …
Li Plis »AYITI/POLITIK/ZEN: PATI POLITIK INITE MANDE ARIEL HENRY POU LAGE PYE LI RAPID VIT.
Pati politik INITE mande ak premye minis defakto a, Ariel Henry pou lage pye li nan tèt primati a epi mete li disponib pou lajistis. Pati a pran desizyon sa, apre Rodolphe Jaar,youn nan prezime asasen ki akize nan touye ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moise fin gaye wonn nan, …
Li Plis »AYITI/ ASASINA: PEYI ETAZINI ANGAJEL NAN BATAY POU SISPÈK ASASINA DEFEN JOVENEL MOÏSE YO REPONN KESYON LAJISTIS
Youn nan pòt pawòl Depatman Deta ameriken, fè konnen peyi Etazini vle wè asasen defen prezidan Jovenel Moïse yo, epi apiye bon jan ankèt ki ap mennen pou pèmèt lajistis fè limyè sou zak sa a. » Nou vle wè moun ki te planifye, finanse epi touye defen prezidan Jovenel …
Li Plis »AYITI/JISTIS: ANDRE MICHEL PRAN YON GWO KALÒT MARASA NAN DOSYE PETWOKARIBE A.
Mèt André Michel, pa fè pati avoka ki reprezante plenyan yo nan dosye petwokaribe a ankò, selon sa youn nan pòt pawòl plenyan yo fè konnen jounen lendi 10 janvye 2022 a. Pòt pawòl la Jacob Alliance, ki anonse nouvèl la pa mete dlo nan bouch li pou mande mouche …
Li Plis »