Premye minis defakto a Ariel Henry, rankontre jounen mèkredi 22 desanm nan, yon pakèt reprezantan gwoupman ak pati politik ki gen nan peyi a nan kad yon koktèl echanj ak pataj ve nan okazyon fèt fen ane yo, daprè biwo kominikasyon Laprimati. Doktè Ariel Henry, pandan rankont sa raple ane …
Li Plis »AYITI/ SANTE: POU PI PITI 30 POLISYE RESEVWA FÒMASYON API SIKOLOJIK NAN DEPATMAN NIP
Sou inisyativ Komisyon Jistis ak Lapè dyosèz Ansavo/ Miragwàn ( CJILAP) Nip, trant (30) polisye ki sòti nan divès inite nan direksyon depatmantal polis Nip resevwa fòmasyon sou twomatizasyon, jounen mèkredi 22 desanm 2021 an, nan komin Miragwàn. Direktè Komisyon Jistis ak Lapè dyosèz Ansavo/ Miragwàn lan, pè Renel Gilles, …
Li Plis »AYITI/BRAKAJ: KOMISÈ GOUVÈNMAN NAN VIL OKAY METE ANBA KÒD CHÈF SEKIRITE YON BANK KI NAN MOVE ZAFE
Komisè gouvènman Okay la, Ronald Richemond, arete jounen mèkredi 22 desanm nan chèf sekirite UNIBANK la, Jean Alexandre pou enplikasyon prezime li nan zak brake kliyan ki ap soti nan bank la. Chèf sekirite UNIBANK la, Jean Alexandre, anba kòd nan vil Okay pou enplikasyon prezime li ta genyen nan …
Li Plis »AYITI/SANTE : ANPLWAYE SENDIKA TRAVAYÈ SANTE KI NAN LOPITAL LETA A MENASE KANPE TRAVAY.
Jounen madi 21 desanm 2021 an, sendika travayè sante (STS) ak federasyon nasyonal travayè sante(FENATRAS) rankontre laprès pou denonse mouche Leta ak drese yon tablo sonm sou pwoblèm lopital inivèsite Leta ap rankontre. Sendikalis sa yo lonje dwèt sou premye minis defakto, enkilpe Ariel Henry kòm doktè anbandone lopital la …
Li Plis »AYITI/ KIDNAPIN: BANDI AK ZAM KIDNAPE DE (2) ENJENYÈ KIBEN
Bandi ak zam kidnape de (2) enjenyè Kiben ki se Andrid Arfredo Abad ak Unides Gallano, nan moman yo t ap rantre nan biwo Imigrasyon ki nan zòn » Lalue » nan komin Pòtoprens. De (2) enjenyè sa yo t ap travay pou konpayi « Auto Plaza ». Direktè jeneral « DINEPA », Gutho Édouard, …
Li Plis »END/JISTIS: DE (2) MAKAK JWENN ARESTAYON YO APRE YO FIN TOUYE 250 CHEN
Otorite nan peyi End arete de (2 )makak enplike, nan sousi vanjans, nan lanmò 250 chen nan vilaj Bid, daprè ajans endyen ANI. Gen yon lagè ant chen ak makak nan yon lokalite ki pote non Vilaj Bid nan eta endyen « Maharashtra » ki eklate depi de (2) mwa. Pandan tan …
Li Plis »AYITI/ OMAJ : PLIZYÈ ÒGANIZASYON SOSYAL DENONSE FINERAY IMILYASYON GOUVÈNMAN DEFAKTO ARIEL HENRY BAY AK VIKTIM DIFE NAN VIL OKAP YO
Òganizasyon » Coalition Nationale des forces politiques et démocratiques ( CONAFPODHA), denonse fineray imilyasyon gouvènman defakto Ariel Henry, bay viktim dife nan lannwit 13 pou louvri 14 dawout 2021 an, nan lokalite Samari ak Lafòsèt ki nan komin Okap. Plizyè manm estrikti sa a, ki te prezan nan fineray senbolik …
Li Plis »LEMONN/JISTIS: WA DUBAÏ LA KONDANE POU LI PEYE ANSYEN MADANM LI PLIS DE (2) PITIT LI YON PAKÈT LAJAN
Yon tribinal Britanik kondane madi 21 desanm 2021 an souveren DUBAÏ la, Mohamed Ben Rached al- Maktoum, pou li peye ekivalan 640 milyon ewo ak ansyen madanm li plis de pitit li. Se pi gwo total lajan yon moun ap depanse nan koze divòs. Se yon rekò. Se yon sòm …
Li Plis »AYITI/EDIKASYON: LISE LASIN LAN AP RELOUVRI PÒT LI NAN MWA JANVYE 2022 A
Pòt Lise Lasalin nan ap relouvri pou anseyan ak elèv nan mwa janvye 2022 kap vini la, daprè ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP). Yon lòt kote, minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, Nesmy Manigat, deklare pa gen pòt ki pa ka louvri ak ilimite, respè, pasyans ak …
Li Plis »AYITI /JISTIS: ANSYEN DEPITE LEOGANE LAN ANTHONY DUMONT JWENNN LIBERASYONL
Nan yon òdonans jij Dumersier bay jounen lendi 20 desann nan, li òdone liberasyon ansyen depite leyogàn nan, Anthony Dumont, aprè plizyè lane li pase nan prizon. Jij pou lapè nan jiridik Tigwav la fè konnen li òdone liberasyon ansyen palmantè a paske pa gen youn nan moun ki te …
Li Plis »