Nèg ak zam asasinen, jounen samdi 29 janvye 2022 a nan avni kristòf, polisye Faverdieu Luckson Jean, chèf operasyon UDMO pou depatman Lwès la. Fenomèm ensekirite pa sispann mete dlo nan je popilasyon ayisyen nan. Alòske, premye minis defakto Ariel Henry nan diskou li plis mete fokis sou preparasyon eleksyon …
Li Plis »LEMOND/ POLITIK: YON FANM RIVE PREZIDAN NAN PEYI ONNDIRAS
Nouvo prezidan peyi Onndiras la, Xiomara Castro, prete sèman jounen jedi 27 janvye 2022 a kòm prezidan epi vini kòm premye fanm ki rive okipe pòs sa a nan peyi Onndiras. Seremoni an ki te òganize nan kapital peyi a « Tegicigala ». Nan diskou li nouvo prezidan Onndiras la, Xiomara Castro, …
Li Plis »AYITI/POLITIK: BIWO SENA MANDE POU 8 SENATÈ REMÈT ENSTITISYON AN VEYIKIL KI NAN MEN YO
Biwo ti rès sena Repiblik la, sòti yon nòt ki pote dat 26 Janvye 2022, ki mande ak 8 Senatè pou remèt Sena a machin ki te nan men yo. Nan nòt Sila Biwo Sena Ayisyen an site non Konsène yo ki se 1- Richard Lénine Hervé Foucand. 2-Carl Murat …
Li Plis »AYITI/DÈY/ESTA: YON ANSYEN GWO RAPÈ GWOUP ORIGINAL RAP STAFF FÈ VWÈL POU PEYI SAN CHAPO
_Ansyen rapè gwoup « Original Rap Staff », Money Mike, mouri jounen jedi 27 janvye 2022 a nan peyi Etazini._ Yon lòt fwa nan mwa janvye a, Kilti Ayisyèn nan an dèy. Money Mike ki gen pou bon non Jean Huberman Charles mouri nan peyi Etazini. James Phebe (Posse X), ansyen patnè …
Li Plis »AYITI/ASASINA: GWO RANKONT ANT ROCKEFELLER VINCENT, CLAUDE BEL-FORD, CLAUDE JOSEPH AK SEKRETÈ JENERAL ÒGANIZASYON ETA AMERIKEN YO (OEA) SOU DOSYE ASASINA JOVENEL MOÏSE LA.
_Claude Joseph ap vanse ak demach sou dosye asasina Jovenel Moïse la. Akonpanye ak ansyen minis jistis la, Rockefeller Vincent, ansyen komisè gouvènman Bed-ford Claude, Claude Joseph rankontre sekretè jeneral OEA a, Luis Almagro sou dosye ankèt asasina ansyen chèf Leta peyi a._ « Ankèt sou asasina prezidan Jovenel Moïse la …
Li Plis »AYITI/POLITIK :PATI POLITIK UNIR LANSE APÈL DYALÒG POU KAPAB GEN YON KONPWOMI GLOBAL ANT TOUT AKTÈ YO
Nan yon konferans pou laprès jounen mèkredi 26 janvye 2022 a, pati politik UNIR ki gen nan tèt li Clarens Renois, lanse apèl dyalòg pou kapab jwenn yon konpwomi global ant tout aktè yo nan sousi pou evite yon katchouboumbe ki ka rive nan peyi a nenpòt kilè. Lidè nasyonal …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: CHOFÈ CHÈF GANG VITELHOMME NAN TONBE NAN ECHANJ KATOUCH AK LAPOLIS
Lapolis Nasyonal Dayiti fè yon kou. Chofè chèf gang Vitelhomme, Joseph Jefferson alyas Djeff, tonbe nan echanj katouch avèk fòs lòd yo nan yon operasyon ki mennen jounen mèkredi 26 janvye 2022. « Joseph Jefferson alyas Djeff, chofè Vitelom, youn nan prensipal alye gwoup gang 400 mawozo blese mòtèlman nan yon …
Li Plis »AYITI/JISTIS: CLAUDE JOSEPH BAY KAT (4) REZON KI LAKOZ GOUVÈNMAN ARIEL HENRY AN PAP KA RANN JISTIS AK JOVENEL MOÏSE
Claude Joseph, ansyen premye minis peyi Dayiti, bay kat (4) rezon ki lakoz gouvènman Ariel Henry a p ap janm rann jistis ak ansyen prezidan repiblik la, Jovenel Moïse, asasinen nan dat 7 jiyè 2021 nan Pèleren 5. « 1)Imedyatman apre krim nan, chèf gouvènman an te pale pandan de (2) …
Li Plis »AYITI/ARESTASYON: POLIS NASYONAL PEYI DAYITI METE ANBA KÒD YON RESÒTISAN ETRANJE
Nan Ayopò Tousen Louvèti Ajan Fòs Lòd yo Sezi nan jounen Madi 25 Janvye 2022 a, 2,198 kg Kokayin sou Yon Resòtisan etranje. Sitwayen sa ki idantifye sou non Nebyu NEMNIROY, fèt nan lane 1992 nan Peyi « Éthiopie » . Arestasyon an fèt pandan li ta pral pran vol Air Caraïbes …
Li Plis »AYITI/ TRANBLEMAN TÈ: PWOTEKSYON SIVIL NIP PREZANTE GWO DEGA TRANBLEMAN TÈ A NAN DEPATMAN NIP
Nan yon konferans pou laprès jounen madi 25 janvye 2022 a, direksyon depatmantal pwoteksyon sivil Nip prezante bilan tranbleman tè 24 janvye 2022 a. « De (2) moun mouri, youn nan komin Ansavo ak komin Fondenèg, 52 moun blese nan komin Ansavo ak Tirivyè Nip, 227 kay kraze nan komin Ansavo …
Li Plis »