AYITI/ADMINISTRASYON: NOUVO DIREKTÈ JENERAL DWÀN NAN KÒMANSE METE TOUCH LI POU EVITE KÈK DERIV

Nouvo direktè jeneral dwàn yo, Julcène Edouard kòmanse mete touch li pou evite kèk deriv epi bay enstitisyon an yon lòt imaj.

Nan sans sa, nouvo Dg a òganize plizyè seyans fòmasyon nan dat 6, 11 ak 12 jiyè 2022 a. Fòmasyon sa yo te chita sou nouvèl dispozisyon ki pral pran pou anpeche materyèl ke lalwa entèdi yo antre nan peyi a, Dg vini ak plizyè lòt strateji sitou nan jan yo pral fouye kontenè yo.

Dg Julcène Edouard te chita pale ak plizyè wo kad nan enstitisyon an, yon fason pou met men ansanm ak li pou bay yon pi bon sèvis ak popilasyon an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …