AYITI AGRIKILTI: YON KONTRA SIYEN POU OGMANTE KAPASITE PWODIKSYON DIRI NAN PEYI DAYITI.

Leta ayisyen siyen, lendi 7 janvye a, ak peyi lachin yon akò pou reyalize 2 pwojè nan domèn lagrikilti nan peyi dayiti.

Seremoni pou te siyen akò sila te fèt nan ministè zafè etranjè ki nan delma 60 lan. Objektif siyati akò sa se pou ogmante kapasite ayiti nan pwodiksyon diri an patikilye latibonit , nò ak depatman nòdès.

Selon akò sa repiblik lachin ap bay gounvènman ayiti sipò poul ka achte bon jan ekipman pou plante, semans, laboratwa pou kontwole kalite semans yo ak konstriksyon enfrastrikti kap pèmèt plnatè ayisyen yo plante pibyen. 2 pwojè sa yo ap koute 16 milyon dola.

Nap note , daprè minis agrikilti a, Jean Robert Argand, gouvenman ap travay anpil pou amelyore agrikilti a nan peyi a. Premye pèsonaj ministè agrikilti a fè konnen leta ayisyen deja demare anpil travay lè yo fini kap chanje kondisyon agrikiltè ayisyen yo ap plante.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le sang de la veine/ Etats-Unis : Qu’est-ce que l’insuffisance veineuse chronique dont souffre Donald Trump ?

Ecchymoses sur ses mains et chevilles enflées : Ces derniers jours, les photos de Donald …