AYITI/ARESTASYON: <> SELON MÈT RENOLD GEORGES

Mèt Renold Georges Ki t’ap entèvni Jodi Madi 19 fevriye a sou Radyo Karayib deklare pami materyèl polis Nasyonal la te sezi nan men 8 mèsenè sa yo gen yon machin ki se pou ansyen Minis Fritz Jean Louis

Yon Lòt Bò, mèt la demanti tout enfòmasyon ki ta fè kwè 7 endividi etranje sa yo ak Grenn Ayisyen an se an favè pouvwa ki la kounye a y’ap travay ,men pito mesye sa yo sib yo se ta BRH yo te Vize antre, e mesye yo ta deklare bay Sekirite enstitisyon sa ki te sou plas , <<se pou BRH y’ap travay>> men mesye sekirite yo ki pa’t rive kwè nan pawòl mesye sa yo te rapid fè lòt demach ak lòt moun ki pèmèt polis Nasyonal la mete men sou endividi sa yo selon sa mèt Georges Fè konnen

depi aprè arestasyon mèsenè sa yo ak Ayisyen an anpil pawòl ap di pa si , pala , men premye enfòmasyon ofisyèl yo sou arestasyon 8 endividi sa yo ta sipoze sòti jodi madi 19 fevriye 2019 nan kad yon konferans Komisè Gouvènman an Mèt Paul Eronce Villard vize bay nan Pakè pòtoprens.

+50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …