AYITI/ASASINA: CNN LAGE YON GWO BONM BYEN BONÈ MATEN MADI 8 FEVRIYE 2022 A NAN DOSYE ASASINA JOVENEL MOISE LA

Medya ameriken CNN, nan yon atik yo pibliye maten madi 8 fevriye 2022 a lage yon gwo bonm nan dosye asasina ansyen prezidan repiblik la, Jovenel Moïse.

Selon atik la, premye minis defakto a Ariel Henry fè pati de moun ki tap planifye lanmò prezidan repiblik la Jovenel Moïse, atik la fè konnen anketè yo tap travay pou te mare Ariel Henry ak tout Badio Felix ki te konn toujou ap rankontre menm apre asasina a. Selon atik la, anketè yo ta pral sezi tande plan pou te mete anba kòd Ariel Henry ak Felix Badio a pran lari.

Pilwen, atik la fè konnen Jij Gary Orelien ki tap travay sou dosye a te konfime ke Ariel Henry se youn nan moun ki gen men li fon nan lanmò Jovenel la, e yo genyon anrejistreman kote yo gen vwa jij Gary Orelien nan yon konvèzasyon li konfime enfòmasyon an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …