AYITI/ASASINA: GWO RANKONT ANT ROCKEFELLER VINCENT, CLAUDE BEL-FORD, CLAUDE JOSEPH AK SEKRETÈ JENERAL ÒGANIZASYON ETA AMERIKEN YO (OEA) SOU DOSYE ASASINA JOVENEL MOÏSE LA.

_Claude Joseph ap vanse ak demach sou dosye asasina Jovenel Moïse la. Akonpanye ak ansyen minis jistis la, Rockefeller Vincent, ansyen komisè gouvènman Bed-ford Claude, Claude Joseph rankontre sekretè jeneral OEA a, Luis Almagro sou dosye ankèt asasina ansyen chèf Leta peyi a._

« Ankèt sou asasina prezidan Jovenel Moïse la enplike plizyè peyi nan rejyon an », esplike ansyen chanselye ayisyen an, Claude Joseph, nan yon kominike li mete deyò.

« Nou, Claude Joseph ak ansyen minis jistis la, Rockefeller Vincent ak ansyen komisè gouvènman Pòtoprens la, mèt Bed-ford Claude rankontre Luis Almagro, sekretè jeneral OEA », enfòme Claude Joseph.

Ansyen premye minis la fè konnen yo solisite yon bourad nan men OEA pou bay yon repons rejyonal ak Ariel Henry ki ap bloke ankèt sou asasina Jovenel Moïse la ki anpeche verite pran lari.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

« Haïti ne peut continuer d’être punie pour avoir arraché sa liberté », déclare le président brésilien Lula da Silva au Sommet Brésil-Caraïbes

Brasília, vendredi 13 juin 2025 — Lors du Sommet Brésil-Caraïbes organisé ce vendredi dans la …