AYITI/ ASASINA: PREMYE MINIS ARIEL HENRY TE PALE NAN TELEFÒN AK YOUN NAN SISPÈK ASASEN JOVENEL MOÏSE YO.

Aprè kòrespondans pakè Pòtoprens te voye bay konpayi telefòn  » Digicel », sou pawòl ki tap lèse kwè premye minis Ariel Henry, te pale nan telefòn ak youn nan sispèk asasinay Jovenel Moïse yo.

Konpayi telefòn  » Digicel », di wi klè kou wòz premye minis Ariel Henry, te pale nan telefòn ak sispèk asasen ansyen chèf Leta ki se Joseph Félix Badio, selon konpayi « Digicel » sispèk lanmò Jovenel la te pale ak aktyèl chèf gouvènman pandan 3 ak 4 minit nan 2 apèl maten 7 jiyè 2021 an, aprè asasinay la.

Nou ap siyale, nan menm dosye enstriksyon asasinay Jovenel Moïse la, kabinè enstriksyon pat rive tande ansyen kòdonatè inite sekirite jeneral prezidansyèl la (USGPN) jounen 10 Septanb lan.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …