Premye pitit gason defen prezidan Jovenel Moïse la, Joverlin Moïse, reyaji aprè moun ki pa idantifye kase biwo jij enstriktè Gary Orelien, nan lannwit 27 pou louvri 28 oktòb 2021 an.
Premye pitit gason ansyen chèf Leta, Joverlin Moïse deklare » èske dosyem lan kabriyole », se deklarasyon premye pitit gason ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse.
Selon dwayen tribinal premye enstans Pòtoprens lan, mèt Bernard Senvil, konfime tout bon biwo jij ki ap enstwi dosye asasinay Jovenel Moïse la kase vre, men nan premye rapò konsta yo ki montre jiska prezan pagen okenn dosye ki ta disparèt.