AYITI/ASASINAY : FBI RETRASE DE (2) BANK NAN PEYI DAYITI KOTE OTÈ ENTÈLEKTYÈL ZAK ASASINAY ANSYEN PREZIDAN JOVENEL MOÏSE LA TRANSFERE GWO SÒM LAJAN.

FBI remèt ak Direksyon santral polis jidisyè (DCPJ) rapò ankèt asasinay ansyen prezidan Jovenel Moïse, FBI retrase de (2) bank nan kapital peyi Dayiti otè entèlektyèl zak sila depoze gwo sòm lajan pou peye moun ki te vin touye prezidan an, deklarasyon Pierre Esperance nan scoop FM nan emisyon Ayiti deba.

Pilwen, defansè dwa moun lan fè konnen depi FBI fin remèt rapò a, DCPJ tou kanpe ankèt yo tap mennen sou asasinay ansyen prezidan Jovenel Moïse nèg ak zam te ansasinen li nan rezidans prive li nan pèleren 5 nan komin petyonvil.

Direktè Rezo Nasyonal Dwa moun lan RNDDH, Pierre Esperance Kontinye pou li di ajan DCPJ ki tap mennen ankèt sou lanmò prezidan Jovenel Moïse yo nan gwo difikilte paske detanzantan yo gen kesyon yo pral reponn nan enspeksyon jeneral polis nasyonal la ( IGPNH).

RONALD EXAVIER

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …