AYITI/ASASINAY: JOVNELIS YO DI YO KONSTATE FEN MANDA PREMYE MINIS DEFAKTO A ARIEL HENRY.

Nan yon nòt regwoupman JOVNELIS yo pou demokrasi (RJD) mete deyò jounen dimanch 6 fevriye 2022 a, yo di mouche Ariel li pa ranpli misyon prezidan Jovenel Moïse te ba li fè a, e tou pwofite mande li kite tè primati an san bri san kont paske li echwe nan misyon an.

Selon RJD yo, lokatè palè nasyonal la te nonmen PM defakto a pou te vin ranpli yon misyon byen espesyal, ki se te reyini tout fòs viv peyi a pou fòme yon gouvènman ki reponn ak bezwen pèp la, rezoud pwoblèm ensekirite a, epi akonpaye KEP a pou fè eleksyon ak referandòm.

Poutan, olye pou doktè a ranpli misyon li se pèsekite lap pèsekite Jovnelis yo, blanchi tout moun ki tap vòlè byen leta, leve entèksyon depa lajistis te mete dèyè moun ki tap gaspiye lajan leta, RJD yo kontinye pou fè konnen olye pou mouche Ariel ranpli misyon li te genyen, li itilize pouvwa pou kanpe ankwa kont tout mannèv ki vize pou prezidan Jovenel Moïse jwenn jistis.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …