Martine Phebé moun plis konnen sou non Thoy’art ekri, jounen samdi 5 fevriye 2022 sou paj fesbouk li pou pa kriye pou Da, men liminen pou Da.
« Da m ap di w mèsi paske m te la pou m te sèvi w », ekri Thoy’art avan li ajoute » m ap di w mèsi pou jenerasyon m lan ki gen chans kontre w , pou n pran konsyans de tèt nou antanke ayisyen ».
Martine Phebé, yon lòt kote, fè konnen malgre tout sa k ap pase nan lavi l kounya li pa regrèt yon segonn li te sou chimen Da.
» Mèsi Da cheri. W ap manke m. Men m p ap detounen w sou chimen w. Ou mèt ale premye pitit Thòy la », ekri Thoy’art ki tou pwofite mande » yon mèch. Yon bouji nan non Da pou ride l travèse ».
Dalenshica Malbranche moun plis konnen sou non Nègès Da te mouri nan dat 23 janvye 2022.
Jackson junior Rinvil