AYITI/DIPLOMASI: « NAN NON PÈP AYISYEN AN AK NAN NON PA M, M FELISTE GABRIEL BORIC », ARIEL HENRY

_Premye minis defakto ayisyen an, Ariel Henry feliste nouvo prezidan eli peyi Chili a, Gabriel BORIC ki ranpòte eleksyon prezidansyèl yo ak dezyèm tou ak ki te fèt dimanch 19 desanm 2021._

Ideyoloji Lagoch pran pou pouvwa nan peyi Chili a travè Gabriel BORIC.  » Nan non pa m ak nan non pèp ayisyen an, m feliste Gabriel BORIC pou viktwa li nan eleksyon prezidansyèl chilyen », reyaji chèf gouvènman defakto a, doktè Ariel Henry.

Yon lòt kote, responsab primati a fè konnen li konvenki relasyon de (2) peyi yo ap ranfòse ak dire pi plis.

N ap raple, peyi Chili fè pati peyi nan amerik Sid kote ayisyen plis al chache kote lavi fè kwen.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …