AYITI/EDIKASYON: APRE ELÈV PÒDEPÈ YO TE REVOLTE, ELÈV KOLÈJ KANADO YO DI NON AK FATRA EPI BARIKAD.

Apre elèv Pòdepè yo te revòlte dèyè manm opozisyon yo nan vil la lendi ki te 2 desanm 2019 la apre yo te leve jwenn lekòl yo bachonnen ak poupou, elèv Kolèj Kanado yo nan Pòtoprens di non ak barikad epi fatra.

Plizyè elèv nan kolèj Kanado te pran pèl bourèt yo jounen vandredi 6 desanm 2019 la kote yo tap pwòpte blòk yo nan ramase fatra epi leve barikad nan Avni Jean Paul II ak kèk blòk ki tou pre yo, yon jès anpil moun nan popilasyon te bat bwavo e te vin met men avèk yo.

Selon enfo yo elèv yo ye konte rive Boudon sa pat rive fèt paske lameri tap eseye fè menm travay la tou e yo te sou boudon pandan elèv yo te nan Martin Luterking ak Jean Paul II.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …