Yon senkantèn elèv nevyèm ane fondamantal ki soti nan zòn Tòsèl ak Pènye konnen premye jounen egzamen yo jounen madi 28 jen 2022 a nan lise nasyonal Pétion ville.
Elèv sa yo te rate egzamen ofisyèl 20 jen 2022 yo akoz sityasyon panik ki te genyen nan zòn Tòsèl ak Pènye kote bal tap tire nan tout kwen, minis edikasyon nasyonal la ak fòmasyon profesyonèl la pat pran tan pout e reyaji e te asire elèv yo ak paran yo ke ministè a pran dispozisyon pou yo konpoze.