AYITI/EDIKASYON: « UNFP SE YON ENSTITISYON KI DWE REPANSE AVÈK TEKNISYEN AYISYEN », SELON JEAN MARIE LEVEILE

_Prezidan sendika anplwaye sistèm nasyonal fòmasyon pwofesyonèl (SESNFP), Jean Marie Leveile, fè konnen nan yon konferans pou laprès UNFP se yon enstitisyon ki dwe repanse avèk teknisyen ayisyen._

Prezidan SESNFP a lonje dwèt li men longè sou kèk politisyen ki anpeche direktè UNFP a fè travay li kòmsadwa. » Direktè Diquel Alvaris genyen kèlkemwa nan sistèm nan (…) Nou fyè paske nou gen yon teknisyen nan tèt sistèm nan. Men depil parèt gen yon pakèt politisyen ki zonbifye l », pawòl sendikalis Jean Marie Leveile.

Responsab SESNFP ale pi lwen pou l ajoute sa pou direktè a ta fè a li pa ka fè yo. » Se nan sans sa nou mande premye minis la ak minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la pou yo akonpanye direktè a ».

Selon Jean Marie Leveile, UNFP sanse ap mache san pòt fèy. Sendikalis la mande kote lajan taks ki la pou sa pase anvan li ajoute « UNFP se yon enstitisyon ki dwe repanse ».

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …