AYITI /EKONOMI: BRH BAY LIS GAYAN KONKOU POU CHACHE NON POU MONNEN GOUD NIMERIK LA.

Bank santral prezante jounen vandredi 26 mas la 2 loreya konkou pou chache non pou goud nimerik la, moun sa yo se Honor ak Jimmy Jean se de (2) premye loreya yo ak non « Bitkòb ». Yves jean vini an dezyèm ( 2) pozisyon ki prezante »kòbNèt ».

Daprè responsab yo nan bank repiblik Dayiti a ( BRH) monnen goud nimerik la se pral yon mwayen pou fè pèyman teknolojik, ak tout fasilite, sekirite pou sèvi pèp ayisyen an. Se yon ladrès pou kole pyese epi modènize sistèm pèyman nan peyi Dayiti .

Manm konsèy BRH la, Edgard Jeudi, fè konnen te gen 909 moun ki te anrejistre nan konkou a, 487 moun te rete enskri manm jiri yo te seleksyone 165 patisipan se ladan yo 2 gayan yo sòti .

Manm konsèy administrasyon (BRH) la, fè konnen objektif yo se pou kapab lanse konkirans peyizaj finans ayisyen an pou ankouraje yo nan aktivite ekonomik yo .

« BitKòb », se non BRH chwazi pou bay non monnen nimerik goud la ki pral koumanse sèvi peyi senk(5) Avril k ap vini la .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …