AYITI/EKONOMI: DIREKTÈ JENERAL AGD A, JULCENE EDOUARD FÈ YON GWO RANKONT AK PLIZYÈ ÒGANIZASYON SEKTÈ PATWONAL YO..

Direktè jeneral administrasyon ladwàn, Julcene Edouard fè yon gwo rankont ak plizyè òganizasyon sektè patronal yo jounen vandredi 12 out 2022 a.

Rankont sila se toujou nan kad efò nouvo administasyon an ap fè pou bay dwàn nan yon lòt figi. Adih, Amcham, Ath, Ccih-Ccio,Ccihc ( canado ),Cfhci ( franco ) se kèk nan òganizasyon ki te prezan nan rankont sila.

Nan chita pale sa anpil pwen te debat tankou:

1-Pwomosyon yon meyè patenarya ant ADG ak sektè prive a.
2-Modènizasyon sou kontwòl dwanye yo.
3-Bay plis jarèt ak kontwòl dwàn yo nan peyi a.

Patisipan yo ki te kontan rankont sila bat gwo bwavo pou imisyativ la e swete pou travay la kontinye.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les États-Unis sanctionnent un gang vénézuélien supposément lié à Nicolas Maduro

Le département américain du Trésor a annoncé vendredi des sanctions contre le « Cartel de …