Aprè gouvènman defakto a ki gen nan tèt prezime kriminèl Ariel Henry an fin pran desizyon pou moute pri gaz lan, kèk antrepriz tankou Sejoune S.A fè gran piblik la konnen lap fè yon ajisteman sou kèk nan pwodwi li genyen yo.
Selon nòt la, gen yon ogmantasyon 50 goud kap fèt sou chak kès pwodwi yo genyen tankou jigo, sekola, krèm soda, kola pou site sa yo sèlman.
Nap fè remake, desizyon sa pran aprè desizyon malouk anmè kou fyèl gouvènman defakto Ariel HENRY pran kote yo ogmante pri gaz la.
Ronald Exavier
branche radio Echojounal jis klike la… https://zeno.fm/radio/echojounal/