AYITI/ENSEKIRITE: ANPLWAYE PRIMATI YO KOUPE FACHE AK BIWO YO APRE BANDI FIN PRAN KONTWÒL PAKÈ POTOPRENS.

Apre bandi fin pran kontwòl pakè pòtoprens ki chita kò li sou wout Bisantnè a nan apre midi vandredi 10 jen 2022 a, tout anplwaye primati yo ki pa twò lwen ak pakè a koupe fache ak biwo yo.

Okenn anplwaye ki ap travay nan primati pa mete pye yo nan biwo pandan tout semèn 13 pou rive 17 jen 2022 a selon konsta yo, anplwaye yo pran desizyon sa selon yon ajan sekirite ki pat vle non li site pou yo pa viktim anba katouch nan ka ke bandi yo ta gen entansyon pran kontwòl primati a tou.

Nap siyale, okenn entèvansyon poko fèt bò kote otorite yo ki ap kontwole lokal pakè a depi plis pase nèf (9) jou.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les États-Unis sanctionnent un gang vénézuélien supposément lié à Nicolas Maduro

Le département américain du Trésor a annoncé vendredi des sanctions contre le « Cartel de …