Bandi yo pran kontwòl lopital jeneral nan mitan jounen lendi 1e avril 2024 la.
Selon enfo yo bandi yo poze aksyon sa pou yo kapab gen kontwòl palè nasyonal ke yo vize nan dènye jou sa yo e pou kapab twoke kòn yo ak lapolis. Pandan atak sila ki te vize palè a pou pi piti 4 polisye soti blese, yon blende boule, nan moman nou ap pale la okenn moun pa gen aksè pou rantre nan lopital la apa de nèg ak zàm yo.
Yon lòt bò nan menm mitan jounen an, bandi yo atake plizyè biwo leta tankou bibliyotèk nasyonal, ministè enteryè, yo tire anpil bal sou palè nasyonal, yo atake « College St-Martial, yo boule anpil machin yo te kwaze sou wout yo. Selon enfo nou rive jwenn gen anpil moun ki te bloke anndan lekòl la ak nan palè nasyonal se byen ta yo rive kite espas sa yo anba anpil kout bal.