AYITI/ENSEKIRITE: GWO TANSYON NAN LARI PÒTOPRENS JOUNEN VANDREDI 4 FEVRIYE 2022 A.

Sityasyon panik nan plizyè kwen nan kapital la jounen vandredi 4 fevriye 2022 a, katouch ap tire nan plizyè katye e gen plizyè zòn kawotchou ap boule.

Sityasyon tansyon sa mete gwo kè sote nan popilasyon an a 3 jou anvan 7 fevriye a rive. Plizyè paran oblije al chache pitit yo lekòl pou evite yo viktim, yon sityasyon ki mete gwo blokis nan wout dekoupe yo.

Zòn ki parèt frajil anba katouch detanzantan yo se Kafou ayopò, Nazon, Twa men, Site solèy,Chanmas, anba lavil, Lali Kwadèboukè poun site zòn sila yo sèlman kote moun kap viv ladan yo mande sekou Lapolis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …