AYITI ENSEKIRITE: LAPOLIS OUVRI YON ANKÈT SOU ATAK KI FÈT NAN PALMAN AN.

Prezidan asanble nasyonal la , Joseph Lambert konfime Direksyom Santral lapolis jidisyè ( DCPJ) ak lapolis syantifik deja tanmen yon ankèt sou atak ki fèt kont lokal palman an.

Douvanjou lendi 20 out 2018 la. Joseph Lambert di se aprè rezilta ankèt lapolis la, sena repiblik la ap kapab pran yon pozisyon ki pi klè sou ensidan sa.

Reprezantan depatman sidès la la esplike li twò bonè pou yo lonje dwèt yo sou yon Moun oubyen yon sektè Ki ta Kache dèyè zak sa. Toutfwa , Joseph Lambert, di kèlkeswa moun Ki atake pouvwa lejislatif la ap tonbe anba gwo sanksyon lalwa.

Yon eskplozif ki sanble ak yon grenad kraze plizyè vit epi fouye tou divès kote nan panno chanm depite a.

Kervens Louis

Kervenslouis459@gmail.com

+509 44120020

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …