AYITI/ENSEKIRITE: LAPOLIS PRAN LANMÈ AK ARAB POU EVITE BANDI, PAKÈ BAY LÒD!

Lapolis pran lanmè ak militan politik Marcelin Myrthil ke tout moun konnen sou non Arab jounen vandredi 16 fevriye 2024 la, polisye yo pran desizyon sa pou evite bandi yo ki kontwole ni rantre ni soti sid peyi a.

Yon desizyon ke anpil moun nan peyi a kritike, selon moun yo lapolis ap kache pou bandi pandan yo pran plezi bonbade popilasyon an kap revandike dwa yo, nan mande pou mouche Ariel bay talon li, moun yo denonse wo grade nan lapolis yo ki pa itil anyen, selon yo se yon wont pou enstitisyon an, pou yo prete yon bato pèch pou antre ak yon prizonye.

Rive nan kapital la ak militan an, pakè bay lòd pou yo voye li penitansye nasyonal apre yo fin tande li, yon desizyon ki leve plim sou do fanmi ak zanmi militan ki menase pile beton an nan jou yo, yo fè konnen arestasyon Arab la moutre klè ke Ariel vle enpoze yon lòt fwa diktati nan peyi a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …