AYITI/ENSEKIRITE: LIDÈ DYASPORA REYAJI SOU ZAK ENSEKIRITE A NAN PEYI A.

Lidè dyaspora a, Robert M Saint Fleur reyaji sou zak ensekirite a kap ravaje bil peyi Dayiti nan dènye jou sa yo nan emisyon pawòl la pale sou radio Echojounal jounen samdi 16 jiyè 2022 a.

Lidè a ki se prezidan Parti Diaspora Endogène D’Haïti ki gen pou sig PDEH fè konnen se paske pa gen leta ki fè bandi yo ap fè sa yo vle jan yo pito nan peyi a, Robert M Saint Fleur lonje dwèt sou ansyen depite, ansyen senatè ak yon ekip gwo zotobre nan sektè prive a ki dèyè zak vyolans yo, lidè a ki pataje pèn ak doulè pèp ayisyen an pwopoze yo « Parti Diaspora Endogène D’Haïti pou libere peyi a epi chanje lavi yo.

Pilwen Robert M Saint Fleur fè konnen peyi a pa ka devlope san twa (3) eleman sa yo ki se konstriksyon, edikasyon ak agrikilti sa ki ap pèmèt tout moun fè lajan e peyi a ap kreye pwòp ekonomi li, lè sa li pap depann de lòt peyi pou ap lonje lamen ba nou.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …