AYITI/ENSEKIRITE: MOUN NAN KOMIN TABA AK DÈLMA KONNEN YON MOVE LANNWIT 2 AVRIL 2024.

Moun ki ap viv nan komin Dèlma espesyalman ba Dèlma, Kafou awopò, Nazon ak tout zòn ki tou pre yo konnen yon move lannwit nan madi 2 avril 2024 la, nèg ak zàm yo tire anpil kout bal, yo mete dife nan plizyè kay ak biznis moun apre yo fin piye yo.

Menm sityasyon an nan komin Taba espesyalman nan Klèsin, vilaj Théodat, vilaj Tecina pou site sa yo ak tout zòn ki tou pre yo, nèg ak zam yo tire anpil kout bal, selon enfo yo yo antre kay moun yo piye e pote ale tout sa yo jwenn, mesye sa ki vle pran kontwòl baz BIM nan ta kidnape anpil moun pandan pasaj yo.

Popilasyon an ki twouve yo nan yon sityasyon konplike mande lapolis tanpri souple pote yo sekou, selon apèl kèk moun nan zòn sa yo gen
anpil moun ki mouri lakay yo, gen anpil lòt ki blese ki pa ka ale pran swen akoz yo pa ka soti.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …