Asasina de (2) jenn jounalis ayisyen anba bal gwoup gang pa ki te Nasyonzini endiferan. « Nasyonzini mande otorite ayisyen yo pou ankete sou krim nan epi trennen devan lajistis responsab yo ».
Òganizasyon Nasyonzini fè konnen travay jounalis yo endispansab pou garanti dwa fondamantal libète lapawòl ak enfòmasyon pou tout moun. » Sistèm Nasyonzini an egzije otorite ayisyen yo pou yo garanti libète sa yo epi mande sistèm jidisyè a mete fen kont krim k ap fèt kont jounalis yo an Ayiti.
Amady John Wesley ak Wilguens Louissaint se non de jenn jounalis sa yo ki te tonbe anba bal nèg ak zam nan Laboul pandan yo t al fè yon repòtaj.