AYITI/ENSEKIRITE: » NOU BOUKE MOUCHE LETA », PAWÒL ANDRE MARCELUS YON ANPLWAYE MTPTC

Nèg ak zam nan nivo Matisan bloke rantre Sid Pòtoprens depi dimanch 5 desanm 2021. Alòske jounen mèkredi an, gen yon pakèt moun ki santi yo bouke ak sityasyon sa kap pase sou wout nasyonal nimewo 2 a. » Nou bouke mouche Leta, se pa konsa moun viv nan yon peyi », daprè yon anplwaye MTPTC.

« Depi lendi mwen pa ka travèse Matisan pou m al travay. Timoun ap kriye nan kòw, pa gen anyen nan kay la. Yon bann dirijan ap manje kòb taks pèp la pou granmesi », deklare André Marcelus ki, daprè sa li di gen yon pakèt tan depi lap travay nan ministè travo piblik transpò ak kominikasyon (MTPTC) nan sal redaksyon echo jounal.

Papa twa pitit, mesye Marcelus fè konnen si nèg ak zam yo twò pisan pou Leta se pou Leta a chita avèk yo. » Se nèg politik ak sektè prive ki bay zam nan katye popilè yo daprè anpil òganizasyon dwa moun si ka a depase Leta se pou yo chita ak yo ».

Andre Marcelus se non yon prete.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …