AYITI/ENSEKIRITE: “PARTI DIASPORA ENDOGÈNE D’HAITI” REYAJI SOU DOSYE ZAM LEGLIZ EPISCOPAL LA.

Prezidan ‘’Parti Diaspora Endogène d’Haïti ‘’a, Robert Saint Fleur bay dizon li sou dosye zam legliz episcopal d’Haïti a.

Robert Saint Fleur deklare nan mikwo Echojounal ke legliz la trayi pèp la, yo pa gen okenn eskiz yo ka fè, selon prezidan pati a si legliz la ap resevwa bwat yo dwe konn sa ki ladan yo e yo dwe kapab ouvri yo devan tout moun, prezidan ale pi lwen pou fè konnen yo pap pran eskiz nan men legliz la li jije ki mechan.

Selon Prezidan Parti Diaspora Endogène d’Haïti a kounye a se yon kesyon lajan ki enpòtan pou legliz la, pou prezidan an se pa premye fwa zam ap antre nan peyi a sou non legliz la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …