AYITI/ENSEKIRITE: PLIZYÈ MÈT BIZNIS NAN VIL AKEN LEVE JWENN BIZNIS YO KASE.

Endividi moun pa rive idantifye pote ale anpil machandiz nan plizyè biznis nan vil Aken nan lanwit 4 pou louvri 5 desanm 2019 lan.

Pami biznis ki viktim yo nou kapab site lareferans multiservices, Guerldine variétés, la voix de Dieu multi services elatriye.

Plizyè biznisman ki viktim de zak sa yo ke nou kontakte denonse zak sa. Daprè yo, se iresponsablite otorite yo nan lajistis ak lapolis kilakoz tout bagy sa yo rive.  » si te gen lapolis ki tap fè patwouy vil la tout bagay sa yo patap rive ». se deklarasyon yon biznisman ki pat vle nou site nonl.

Sepa premye fwa zak sa yo ap rive nan 2zyem vil depatman sud la Men pa janm gen anyen ki fèt bò kote otorite yo pou kwape fenomèn sa.

Gédéon Delva, Aquin

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …