Byen bònè mèkresi 3 mas la, plizyè ponp gaz nan komin miragwàn fèmen pou denonse zak ensekirite kidnapin lan ki rive lakay yo ,paske nèg ak gwo zam te kidnape dimanch pase a mèt ponp Gaz « Bonjour » ki nan komin kafou.
Echo jounal, konstate maten mèkredi a nan komin miragwàn ponp gaz yo rete fèmen , kèk sitwayen montre yo dakò ak mouvman pwotestasyon sa daprè yo ensekirite ak zak kidnapin lan dwe enterese tout moun k ap viv anndan peyi a.
Sepandan yo montre krentif yo genyen pou vye politisyen pa mete grif yo sou mouvman sa .
N ap siyale, Jean Marc Cadostin ki se mèt ponp « Bonjour » la toujou nan men kidnapè yo épi yo mande senk san milyon dola ameriken ( 500000000 ) pou yo kapab libere antreprenè a.
Dieuva Occidor