AYITI/ENSEKIRITE: POU PITI KAT (4) MOUN MOURI NAN AFWONTMAN GANG TIBWA AK GRAN RAVIN.

Batay ki pete mèkredi de (2) jen 2021 an, ant gang ame Tibwa ak gang ame Granravin lakoz pou piti kat (4) moun mouri daprè esplikasyon yon sitwayen ki ap viv nan anviwonman an.

Afwontman ant de (2) gwoup sa yo touye pou piti kat (4) moun, plizyè lòt moun sòti blese ak kay yo mete dife ladan yo, daprè sa kèk sitwayen deklare yo presize bandi yo boule plizyè motosiklèt nan men kèk chofè taksi ki tap chache lavi yo nan twazyèm sikonskripsyon pòtoprens lan.

Nou ap siyale, se pa pou premye fwa gang Granravin ak gang Tibwa konn ap batay anba je otorite lapolis ki pa janm di anyen, konpòtman lèse grennen konpatriyòt sa yo denonse.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …