AYITI/ENSEKIRITE : UI (8) JOU APRE NÈG AK ZAM PRAN KONTWÒL MATISAN, CHÈF CSPN NAN POKO JANM REYAJI

_Ayiti ap konnen youn nan moman ki pi makawon nan listwa li kòm pèp. Laperèz tribòpabò. Fenomèm kidnapin ak ensekirite ap taye banda tout kote. Nèg ak zam nan Matisan bloke wout la depi dimanch pase yon semèn, chèf konsèy siperyè polis nasyonal la, Ariel Henry kwaze bwa li ap gade._

Popilasyon Gran Sid la ap toufe. Gen plizyè lidè kominotè ki lanse SOS pou medikamen ki kòmanse fini nan kèk zòn nan Gran Sid la. Sa lakoz, gen ka lanmò. Pyès otorite pa di anyen.

Premye minis defakto Ariel Henry, chèf CSPN ak direktè jeneral Lapolis Nasyonal Dayiti, Frantz Elbé, ui (8) jou apre nèg ak zam bloke Matisan, poko janm reyaji alòske popilasyon Gran Sid la ap toufe. Yo lage pou kò yo; de bwa balanse.

Leta nan obligasyon pou l fè sitwayen yo retounen sikile san okenn laperèz sou wout nasyonal nimewo 2 a, nan nivo Matisan sinon, pita ka pi tris pou Gran Sid la dotan plis sa gen pou piti 5 mwa depi yon tranbleman tè te souke yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …