AYITI ETAZINI: OTORITE NAN PEYI DAYITI YO REMÈT INOCENT JEAN EDINORD BAY DEA.

Ansyen komisè polis Inocent Jean Edinord ale nan peyi Etazini ayè mèkredi 13 fevriye 2019 la kote li pral reponn kesyon lajistis peyi Etazini sou zafè dwòg ak plizyè lòt akizasyon li gen sou do li.

Yon avyon ki soti nan peyi Etazini antre vin chache ayè byen bonè ansyen komisè polis Inocent Jean Edinord ke lapolis peyi Dayiti te arete 11 fevriye 2019 pase a nan zòn Ponmoren abiye ak inifòm kò espesyalize nan lapolis la (USGPN) pandan li revoke depi nan lane 2004.

Ansyen komisè a ki te nan kache akoz li gen plizyè akizasyon sou do li e te genyon manda pi lwen lakay dèyè li trouve li nan peyi Etazini, lap gen pou li parèt nan tribinal pa twò lontan selon enfo yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …