Gouvènman peyi Etazini pataje konba pèp ayisyen an ap fè pou genyon Ayiti kote tout ayisyen ap kapab fyè nan respekte dwa yo genyen.
Men pou sa rive fèt daprè gouvènman peyi Etazini se nan dyalòg ak konpwomi k’ap kondwi pèp ayisyen an a yon gouvènman ki fò kote chak responsab ap kapab sèvi pèp ayisyen an san fòs kote, yo pwofite bat bravo a desizyon prezidan peyi dayiti Jovenel MOÏSE pran pou gen yon dyalòg nasyonal apre tout pwoblèm peyi a t’ap konfwonte depi 7 fevriye 2019 la kote plizyè sitwayen pèdi lavi yo san konte biznis prive kou piblik ki pa epanye nan revandikasyon sila.
Se pou tèt sa gouvènman peyi Etazini mande tout kouch viv peyi dayiti tankou pati polotik ak divès òganizasyon nan sosyete sivil la pou yo manifeste pasifikman pou evite agrave enstabilite ki pa sispann lage pèp ayisyen an nan soufrans e pwofite salye gwo jefò polis nasyonal dayiti paske yo te pran tout dispozisyon nesesè pou te pèmèt lapè ak stabilite nan mitan popilasyon an nan kad lit y’ap mennen pou fè respekte dwa yo genyen.
Gouvènman peyi Etazini ankouraje tout reprezantan ki eli legalman menm jan tou tout ayisyen k’ap chache yon solisyon politik pasifik jan konstitisyon peyi dayiti mande pou sa fèt a angaje nan yon dyalòg san kraze ak brize.
Yon lòtbò toujou gouvènman peyi Etazini ankouraje yon ekonomi politik nan enterè pèp ayisyen an yon bon jesyon resous yo ak transparant k’ap favorize kwasans ekonomik peyi a pou yon long dire pou kapab amelyore klima envetisman pou ka gen travay pou tout moun.
Gouvènman peyi Etazini mande gouvènman nan peyi dayiti redouble efò yo pou lite kont koripsyon ak moun ki responsab nan gaspiyaj fon petrokaribea.
Gouvènman Etazini afime reangajman yo nan zanmitay ak peyi dayiti pou yon peyi meyè , pi pwospere, pi demokratik pou tout pèp ayisyen an.
josephjemsley814@gmail.com