AYITI/GAZ : PREMYE MINIS ARIEL HENRY PWOMÈT YON SOLISYON DEFINITIF AK PWOBLÈM GAZ LA

Premye minis defakto a Ariel Henry sòti nan silans li fas ak pwoblèm gaz ki lakoz divès aktivite pa fonksyone pandan semèn nan, li deklare li konsyan de sitiyasyon an ,gouvènman ap pare pou pote yon solisyon definitif.

« Mwen vle ke tout moun konnen, pa gen rate gaz vrèman, gaz yo disponib nan tèminal yo,gen lòt kòmand ki fèt pou gaz antre nan peyi a toujou » deklarasyon lokatè primati a nan yon adrès ak nasyon an. Li fè konnen li mete sou pye yon selil ki gen a wè ak kriz la nan lide pou detèmine ki meyè solisyon yo kapab pote.

« Gen anpil lòt dispozisyon kap pran pou rezoud pwoblem nan net, men pèmèt mwen pa pale twòp pou kounya, nou pral wè rezilta » ajoute doktè Ariel Henry.

Polis nasyonal la deja mobilize pou fasilite kamyon yo distribiye gaz la nan ponp yo. Chef primati a mande ak popilasyon an pou aji ak disiplin nan moman distribisyon yo. Pou sa ki gen pou wè ak bandi ak zam ki pa sispann simen la troublay pou anpeche gaz yo rive nan ponp yo chef gouvènman deklare »prizon ou lamò » pou sitwayen sa yo.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …